exibições de letras 1

G on bagay ki pa menm, g on bagay ki pa byen
M pa vle kouri plenyen, se gen dwa sèl mwen
Sa pa anpeche ke m santi nou bloke
Pase n vanse, n ape degrengole
Se pa sa m te wè pou nou de, kisa k rive m ap mande

Nou nan menm kay nou pa janm kwaze
Chita sou tab, men nou pa pale
Sou menm kabann nou pa janm kouche
Se pa ou m te konnen
Ki dènye fwa ou gade m nan je
Menm gou bouch ou mwen paka sonje
Menm nan panse nou pa karese
Se pa ou m te renmen

Mwen di ou chanje
Chanje, chanje, chanje
Mwen di ou chanje
Chanje, chanje, chanje

Santi nou pa nòmal, tout jès nou vin bosal
Diskisyon tounen koral, relasyon sa kanbral
Kòman pou n sot nan sa, si nou pa menm kote
Tout sa ki senp tounen egzajere
Se pa sa m te wè pou nou de, kisa k rive m ap mande

Nou nan menm kay nou pa janm kwaze
Chita sou tab, men nou pa pale
Sou menm kabann nou pa janm kouche
Se pa ou m te konnen
Ki dènye fwa ou gade m nan je
Menm gou bouch ou mwen paka sonje
Menm nan panse nou pa karese
Se pa ou m te renmen

Mwen di ou chanje
Chanje, chanje, chanje
Mwen di ou chanje
Chanje, chanje, chanje

Se ou k chanje, pa lage l sou mwen
Se ou k chanje, pa lage l sou mwen
Se ou k chanje, pa lage l sou mwen
Se ou k chanje, pa lage l sou mwen

Kiyès m ap ye san ou, kiyès w ap ye san mwen
Sa n pral fè, o-o-o, sa n pral fè ak lanmou nou
Konnen m pa gen fòs pou mwen kontinye
Men m pa santi kouraj pou m rekòmanse
Kè m mele, li mele, woy
Wi, kè m mele, li mele, wo-o

Kiyès m ap ye san ou, kiyès w ap ye san mwen
Sa n pral fè, o-o-o, sa n pral fè ak lanmou nou

Se ou k chanje, pa lage l sou mwen
Se ou k chanje, pa lage l sou mwen
Se ou k chanje, pa lage l sou mwen
Se ou k chanje, pa lage l sou mwen

Kè m mele, li mele, woy
Wi, kè m mele, li mele, wo-o
Li mele, woy
Wi, kè m mele, li mele, wo-o


Comentários

Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra

0 / 500

Faça parte  dessa comunidade 

Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Rutshelle Guillaume e vá além da letra da música.

Conheça o Letras Academy

Enviar para a central de dúvidas?

Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.

Fixe este conteúdo com a aula:

0 / 500

Opções de seleção