395px

Esqueça de Mim (feat. T-Micky)

Dro

Met Bliye M (feat. T-Micky)

Rèv ou se te pou ou fè m lapenn
Brize kè m, mete m nan problèm
Men domaj, sa pat janm mache
Byen konte mal kalkile
Mwen jwenn yon lòt ki ranplase w
E ki ka fè mwen bliye w
Avè l lavi mwen heureux
Efase souvni m fè m bliye pase

Te panse
Lavi ap fini m pral soufri
Men mwen reyalize
Ke se pat vre se te manti

Mèt bliye mwen
Pa Bezwen tounen
Lavi m bèl san ou li genyen yon lòt gou
Mèt bliye mwen
Pa Bezwen tounen
Mwen bliye chagren cheri mwen aprann renmen
Mèt bliye mwen
Pa Bezwen tounen
Pase mwen fini se avnim ki louvri
Mèt bliye mwen
Pa Bezwen tounen
E mwen jwenn plis lanmou ak renmen chak jou

Rèv ou se te elimine m
Ou te kwè w te ka domine m
Men domaj sa pat ka mache
Jwenn youn ki banm matirite
Pou li map viv tout an antye
San li vi mwen a mwatye
Mwen pa mande w pou ou sonje m
Koz lan vi m cheri w deja efase

Hey, map viv toujou
Malèz san ou, jwenn plis lanmou, Baby
Hey, men mwen la toujou
Lavi m bèl san ou
Mwen pa regrèt yon jou doudou
Mwen jwenn chalè lanmou ki fè mwen kontan tou lè jou

Esqueça de Mim (feat. T-Micky)

Seu sonho só me trouxe dor
Quebrou meu coração, me colocou em apuros
Mas que pena, isso nunca funcionou
Contando bem, mal calculado
Encontrei outro que te substitui
E que consegue me fazer esquecer você
Com ele minha vida é feliz
Apago as memórias que me fazem lembrar do passado

Pensei
Que a vida ia acabar, eu ia sofrer
Mas percebi
Que não era verdade, era mentira

Esqueça de mim
Não precisa voltar
Minha vida é linda sem você, tem outro sabor
Esqueça de mim
Não precisa voltar
Esqueci a dor, meu amor, aprendi a amar
Esqueça de mim
Não precisa voltar
Meu passado acabou, é o futuro que se abre
Esqueça de mim
Não precisa voltar
E eu encontro mais amor e carinho a cada dia

Seu sonho era me eliminar
Você achou que podia me dominar
Mas que pena, isso não funcionou
Encontrei alguém que me faz amadurecer
Com ele eu vivo plenamente
Sem ele minha vida é pela metade
Não peço que você se lembre de mim
Porque na minha vida você já foi apagado

Ei, eu continuo vivendo
Mal-estar sem você, encontro mais amor, baby
Ei, mas eu ainda estou aqui
Minha vida é linda sem você
Não me arrependo de um dia, meu bem
Encontrei o calor do amor que me faz feliz todos os dias