exibições de letras 7

Manman

Ayiiti

Letra

    Yon lòt jou, yon lòt kou
    Relasyon nou devan deye
    Ou atake'm, mwen proteje'w
    Rive yon lè, fo'nn louvè je'n
    Jwet sa nap plede jwe
    Ap lonje dwet, akize
    Pap mennen nou okenn kote
    Nap mete l'avni'n an danje

    Li an danje
    Li an danje
    Li an danje

    Manman
    Ou konnen lanmou mwen gen pou ou
    S'on chay ki lou
    Manman
    Ou koule nan sanm, annou travay ansanm
    Met tet ansanm

    Mwen refize, mwen pap aksepte
    Pou nou reziyen, san n'pa esaye
    Si nou pral goumen, goumen pou lapè
    Ou menm ave'm

    Manman
    Ou konnen lanmou mwen gen pou ou
    S'on chay ki lou
    Manman

    Dekouraje, mwen dekouraje
    Santi anyen pap janm ka chanje
    Pa ke n'pa kapab, se komsi n'pa vle
    Nap reziste chanjman
    Pa yon bagay ki fet fasil, non, non
    Li koute chè, pa fèt rapid, o o
    An atandan nap vire won

    Nou sou tansyon
    Nou sou tansyon
    Nou sou tansyon
    Nou sou tansyon

    Manman
    Ou konnen lanmou mwen gen pou ou
    S'on chay ki lou
    Manman
    Ou koule nan sanm, annou travay ansanm
    Met tet ansanm

    Mwe refize, mwen pap aksepte
    Pou nou reziyen, san n'pa esaye
    Si nou pral goumen, goumen pou lapè
    Ou menm ave'm

    Manman
    Ou konnen lanmou mwen gen pou ou
    S'on chay ki lou
    Manman

    Un pas en avant, 3 pas an arriere
    Si nou pral danse, ann fe'l pou de vre
    Tan ap ekoule, annou leve pye'n
    Pou nou sa vanse

    Manman
    Ou konnen lanmou mwen gen pou ou
    S'on chay ki lou
    Manman
    Ou koule nan sanm, annou travay ansanm
    Met tet ansanm

    Mwe refize, mwen pap aksepte
    Pou nou reziyen, san n'pa esaye
    Si nou pral goumen, goumen pou lapè
    Ou menm ave'm

    Manman
    Ou konnen lanmou mwen gen pou ou
    S'on chay ki lou

    Manman


    Comentários

    Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra

    0 / 500

    Faça parte  dessa comunidade 

    Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Ayiiti e vá além da letra da música.

    Conheça o Letras Academy

    Enviar para a central de dúvidas?

    Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.

    Fixe este conteúdo com a aula:

    0 / 500

    Opções de seleção