exibições de letras 174

Konsekans (feat. K-Dilak)

Bedjine

Si m te kapab m tap remonte le temps
Gen anpil erè m fè m tap korije
M tap kalme m aprann metrize m
Emosyon pa tap gide m hey hey

Ego nou konn fè n mal aji
Konpòtman konn voye vye enèji
Nou konn sèmante nou pap janm pale
Aprè n ri pwòp tèt nou lè n rekonsilye
Gen bagay nou ka evite lè n ap diskite
Nou bliye si n gon vi prive vye mo kap repete
Gen bagay nou ka evite lè n ap diskite
Nou bliye Nou bliye konsekans sa ka pote

Lè nou fache nou rann tèt nou soufri
E san nou gate n anpeche lòt souri
Nou pèdi fòs chak lè nou dezini
Lè n pa pale se pwòp tèt nou n pini

Ego nou konn fè n mal aji
Konpòtman konn voye vye enèji
Nou konn sèmante nou pap janm pale
Aprè n ri pwòp tèt nou lè n rekonsilye
Gen bagay nou ka evite lè n ap diskite
Nou bliye si n gon vi prive vye mo kap repete
Gen bagay nou ka evite lè n ap diskite
Nou bliye Nou bliye konsekans sa ka pote

Be Be Bedjine
Chak fwa nou choute nou toujou fè gòl
Pa koute kolè ou

Bondye si se sèman m yo w fè m peye
Yo pa sot nan kè m vre
Bondye si se sèman m yo w fè m peye
Ebyen mwen regrete

Montre w louvri kè m san mezi
Fè lòt soufri pou granmesi
M prime laye m mwen santi kè m vin twò di
Padone m tanpri
Mwen pa louvri kè m san mezi
Pa kite plas pou mwen rayi
M santi konsyans mwen anestezi
Klere chimen lavi m oh Bondye

Pa koute kolè ou

Gen bagay nou ka evite lè n ap diskite
Nou bliye si n gon vi prive vye mo kap repete
Gen bagay nou ka evite lè n ap diskite
Nou bliye Nou bliye konsekans sa ka pote


Comentários

Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra

0 / 500

Faça parte  dessa comunidade 

Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Bedjine e vá além da letra da música.

Conheça o Letras Academy

Enviar para a central de dúvidas?

Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.

Fixe este conteúdo com a aula:

0 / 500

Opções de seleção