exibições de letras 57

Koupab (feat. KAÏ)

Bedjine

Letra

    M te eskize m
    Ou di n ap kite
    Men avan w ale, fòk nou fè yon ti chita pale
    Mwen pa tankou lòt nèg k ap ba w menti
    Ki pral swete w 'bonne chance'
    Pran pòz yo vle wè w k ap souri

    Paske mwen pa vle wè ou k ap pase
    Avèk yon lòt k ap trete w pi byen pase m
    Paske mwen pa vle wè ou k ap pase
    Avèk yon lòt k ap renmen w pi plis pase m
    Ou pa reyalize tout sakrifis mwen fè pou ou

    Mwen di w se ou ki koupab
    Ou pran lanmou pou yon jwèt, tande!
    Ou pa gen dwa ban m chay pote
    M sèmante se ou ki koupab
    Ou pran lanmou pou yon jwèt, tande!
    Ou pa gen dwa ban m chay pote
    Se ou ki koupab

    Cheri, ou koupab, demanti m si w kapab
    Demanti m si w kapab

    M pa mande pou ban m lò ak dyaman, baby
    Ni pou ban m lajan, byen ke l enpòtan
    Ou maltrete m, ou imilye m
    Ou pyetine pwòp diyite mwen
    S on kout wòch ou lage nan kè m, baby

    Men si w pa pran men w, w ap wè m k ap pase
    Avèk yon lòt k ap trete m pi byen pase w
    Men si w pa pran men w, menm lombraj ou ap ekate w
    E m p ap pran tan nan vi m pou mwen ranplase w
    Cheri, ou ban m pwoblèm, gad jan w kraze kè m

    Se ou ki koupab
    Ou pran lanmou pou yon jwèt, tande!
    Ou pa gen dwa banm chay pote
    M sèmante se ou ki koupab
    Ou pran lanmou pou yon jwèt, tande!
    Ou pa gen dwa ban m chay pote
    Se ou ki koupab

    Cheri, ou wè la, depi w kite m plonje
    Fò w kite m naje

    Manman!
    Tonnè kraze! Pa gen tankou yon el, El Chapo
    By the way, nou konn kiyès ki la
    Bé-Bé-Bédjine!

    Pouki m ap soufri?
    Di m pouki m ap soufri
    Pouki m ap soufri?

    Oh, be! Se tank on penitans
    Mwen mare ak yon lanmou
    Men se yon delivrans
    Lè w jwen yon moun konprann ou
    Li pa bon, li pa bon
    Li pa bon, deyò a pa bon
    Li pa bon, li pa bon
    Li pa bon, deyò a pa bon

    Se tank on penitans
    Mwen mare ak yon lanmou
    Men se yon delivrans
    Lè w jwen yon moun konprann ou
    Li pa bon, li pa bon
    Li pa bon, deyò a pa bon
    Li pa bon, li pa bon

    Babe!
    Kai li ye, tonton!

    Pouki m ap soufri?
    Di m pouki m ap soufri
    Pouki m ap soufri? Oh, baby
    Pouki m ap soufri?

    Se ou ki koupab
    Ou pran lanmou pou yon jwèt, tande!
    Ou pa gen dwa banm chay pote
    M sèmante se ou ki koupab
    Ou pran lanmou pou yon jwèt, tande!
    Ou pa gen dwa ban m chay pote
    Se ou ki koupab

    Ou pran lanmou pou yon jwèt, tande!
    Ou pa gen dwa banm chay pote


    Comentários

    Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra

    0 / 500

    Faça parte  dessa comunidade 

    Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Bedjine e vá além da letra da música.

    Conheça o Letras Academy

    Enviar para a central de dúvidas?

    Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.

    Fixe este conteúdo com a aula:

    0 / 500

    Opções de seleção