
Gòl La
Beethova Obas
Ayisyen nou mele
Yon klas politik degrenngòch k'ap mache tèt anba
Yo bliye deviz la, divize se mo dòd la
Nou pran nan pa konprann, nan pikan kwenna
Fòk nou sispann bwè pwa
Nou mele
Si n pa veye degrenngòch n'ap mache tèt anba
An n eduke pèp la, montre l sa k rele vòt la
Lè w'ap chwazi fò w pa fè l konsa, konsa
Pou pa pran nan mera
A 1% ou di ke w lidè pèp la
Padon m'pa konprann kalkul matematik la
Si m manti n'mèt al mande fanm yo la
Mesye a 1% nou pa la
La jeunesse ap rele
Ouve zòrey nou pou n tande son k nan lari a
Nou maspinen lespwa l
Li gaye, li pèdi vwa l
Li lè mesye pou nou vinn fè mea culpa
Sinon plas nou pa la
Ah si m te rele Beethova Obas
Mwen ta bat chalbari dèyè tout avadra
Si m t'ap fè politik, mwen ta di sa
Mesye bliye chèz la, al nan sena a
Oubyen al fè sinema
Ah sa k fè m mal la, m'paka di n, li la
Pi devan m'pral konn si sa m tande a se sa
Men an pasan kite mwen di nou sa
Se sou teren a pou n make gòl la
Pou n bare gòl la
Make gòl la
Ansanm n'ap make gòl la



Comentários
Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra
Faça parte dessa comunidade
Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Beethova Obas e vá além da letra da música.
Conheça o Letras AcademyConfira nosso guia de uso para deixar comentários.
Enviar para a central de dúvidas?
Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.
Fixe este conteúdo com a aula: