
Kite M Ri
Beethova Obas
M pa konn ri
Lò m ri se pou m maske kriye m
M pa konn ri
Si m ri ou mèt mande m sa k rive m
Pa kwè m ri
Lè w wè dan m, ou pa wè andan m
Pa kwè m ri
Sa je m wè reponn mwen nan nanm
Nanm mwen chire
Poutan m ka ri sa wi la
God la bless America
A de pa la a, tout ti nasyon yo byen blese
Poutan m ka ri sa wi la
Wi God la bless America
A de pa la a, tout ti nasyon yo byen blese
M pa ka ri
Twòp fizi nanpwen tèt ansanm
M pa ka ri
Lò m wè san, mwen sonje manman m
M pa ka ri
Twòp chay sou do m, twòp kou nan do m
M pa ka ri
Twòp cha, twòp bòt, twòp mak sou po m
Twòp, twòp pou mwen
Woy twòp mak sou po m
Woy twòp kou nan do m
Woy twòp chay sou do m
Twòp twòp, woy



Comentários
Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra
Faça parte dessa comunidade
Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Beethova Obas e vá além da letra da música.
Conheça o Letras AcademyConfira nosso guia de uso para deixar comentários.
Enviar para a central de dúvidas?
Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.
Fixe este conteúdo com a aula: