exibições de letras 49

Piwo (feat. Wendyyy)

BLONDEDY FERDINAND

Ye le le le le le le le
Ou vivan, ou vivan
Ou vivan – adye
Ou vivan – hmm

Ou se zam mwen
Ou se epe mwen
Se ou k fè wout pou mwen
Viktwa m asire, pa ka ebranle
Ou se gid mwen
Ou fè m kenbe la menm si – vi a ak pwoblèm
Ou fòme desepsyon jijman, lezòm pa ka chanje
Ou kenbe mwen – lè pou m mache
Ou sipòte mwen – lè m dekouraje
Nan mitan danje yo – ou kanpe, w epanye m
Ou rekonfòte m, se ou ki sove mwen

Wi ou gen fòs – Bondye m nan
Ou gen pouvwa – Bondye m nan
Ou wi ou gen fòs fòs fòs – Bondye m nan
Bondye m nan, Bondye m nan
Ou wi ou gen fòs fòs fòs – Bondye m nan
Ou gen pouvwa – Bondye m nan
Ou wi ou gen fòs fòs fòs – Bondye m nan
Bondye m nan, Bondye m nan

Kite m pale w de li ban m di w kisa l fè
Kòman l vivan kisa l reprezante
Kite m temwanye tout sa l fè pou mwen
Pou w ka prann o serye pou w sispann plezante avè l ou asire
Ou pap pè anyen lisifè mèt kont ou ou pap kraponnen
Se tande w tande men w pa konn grandè l
Si m pa eksplike w ou pap konnen yo
Yo te mete m kouche li mete m kanpe
Li fè m kouri lè yo te vle m ranpe
Li kraze tout konplo yo te vle sakrifye m
Djap la te sal mwen li mete m tranpe
Li fè m bèl li dekore m
Li k ede m li epole m
Li rachte m li ban m viktwa
Li chanje li restore m
Li se papa li se fis Li se Jezi li se kris
Li rele Jehava tou pwisan, sa w panse a li se plis
Li se alfa e lomega li k patwon li k deside
Li bay lavi etènèl nan syèl la pou w rezide
Wi li gen fòs

Wi ou gen fòs – Bondye m nan
Ou gen pouvwa – Bondye m nan
Ou wi ou gen fòs fòs fòs – Bondye m nan
Bondye m nan, Bondye m nan
Ou wi ou gen fòs fòs fòs – Bondye m nan
Ou gen pouvwa – Bondye m nan
Ou wi ou gen fòs fòs fòs – Bondye m nan
Bondye m nan, Bondye m nan

Piwo piwo piwo
Ou leve m piwo piwo piwo
Ou leve m piwo piwo piwo
Ou leve m piwo piwo piwo
Anba je mechan yo
Piwo piwo piwo
Ou leve m piwo piwo piwo
Ou leve m piwo piwo piwo
Ou leve m piwo piwo piwo
Anba je mechan yo

Wi ou gen fòs – Bondye m nan
Ou gen pouvwa – Bondye m nan
Ou wi ou gen fòs fòs fòs – Bondye m nan
Bondye m nan, Bondye m nan
Ou wi ou gen fòs fòs fòs – Bondye m nan
Ou gen pouvwa – Bondye m nan
Ou wi ou gen fòs fòs fòs – Bondye m nan
Bondye m nan, Bondye m nan


Comentários

Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra

0 / 500

Faça parte  dessa comunidade 

Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de BLONDEDY FERDINAND e vá além da letra da música.

Conheça o Letras Academy

Enviar para a central de dúvidas?

Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.

Fixe este conteúdo com a aula:

0 / 500

Opções de seleção