
San Nou
D-Fi Powèt Revòlte
San nou mizik mwen pa itil
Pa gen pi gwo sakrifis ke sa, nou etenn tèt nou pou m te ka vizib
Nou te sèvi m syèl lè kou zetwal m te vle briye
Nou te wè m nan gè a nou te sèvi m boukliye
M te vle woule nan kas nou, men m ateri nan kè n
Rèv ak plim on siksè gras ak nou, sa mpap janm bliye l
Se pou tout sa k te kwè nan mwen frè yo pa anpil
Tout sa k te touye rèv yo pou pa m te ka pran vi
Pou tout sa k te di m wi ou kapab
Lord ki te koute premye rim mwen ki te di m wi ou ka rap
Se pou Ed ki te di m yo ann al make tan n
Causa Nostra, ERITAJ la m ap ret tann
Se pou LaGNess, m grandi gras ak kèk konsèy
Pou Castro, ki te ba freestyle mwen yo anbyans konsè
Nou enspire m Evazyon gen sak di m ap detwi vi m
Pandan mizik sove m, frè m m ap viv pasyon m
Filip ka temwanye Auto-Psy
M te pati pou m te mouri san m pot ko viv
Se mizè k enspire m frè m se pa bòz
Pase kèk nuit blanch pou rès jou manman m yo ka wòz
Se pou yon ewo ki nan syèl espere l jwenn mesaj yo
Di m l ap tounen se lè l fin konte tout zetwal yo
Di l m kenbe tout sa m pwomèt
Pitit tig se tig, malgre mizè a m pa t janm malonèt
Rap kèk verite
Se pou antouraj mwen Règleman, 35 Zile sak makònen n se lide
Se pou tout aderan, nou ban m plis pase m ban n
Ofinal genlè se mwen ki aderan n
Doulè nou menm, batay nou menm
Nou pa konn kouman m santi m #Envensib lè n kenbe menm
Pou di n mèsi on mòso pa sifi
San nou mizik mwen pa itil



Comentários
Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra
Faça parte dessa comunidade
Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de D-Fi Powèt Revòlte e vá além da letra da música.
Conheça o Letras AcademyConfira nosso guia de uso para deixar comentários.
Enviar para a central de dúvidas?
Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.
Fixe este conteúdo com a aula: