exibições de letras 3

Vole Tankou Sipèmenn (Kanaval 2016)

Kreyol La

Letra

    Nou sanble, se sa k fè n rasanble yon sèl kote
    Pou n met vwa nou ansanm pou nou chante
    Pou n fè lemond sonje, nou se senbòl fyète
    Tout moun de men anlè, Kreyòl La rive
    An n pare pou nou vole, Kreyòl La rive
    Sa ki devan n yo, sa ki dèyè n yo
    Nou di yo avanse, avanse
    Tout moun de men anlè, Kreyòl La rive
    Ann pare pou nou vole, Kreyòl La rive
    Sa ki sou stand yo, sa ki nan bann yo
    Mwen di yo avanse, avanse
    Samy B, ou fin bay vibe, banm bay high
    Kot Kreyòl la ye, woy woy woy woy
    Anlè l ye
    M a rele, woy woy
    Rele, anmwey woy
    Ma rele, anmwey woy
    Valvoline, ou anlè a ak tout boulin
    Kot Kreyòl la ye

    Woy woy woy woy
    Anlè l ye
    M a rele, woy woy
    Rele, anmwey woy
    M a rele, anmwey woy

    Depi m anlè m pa anvi desann atè
    Sa depann de high la, sa depann de vibe la
    Men bagay la

    Tout timoun, men dwat anlè
    Tout granmoun, men goch anlè
    Chanmas, de men anlè tankou Superman
    Sipèman
    Tankou Sipèman, vole
    Ban m ba nou nouvèl

    Loulou achte on gita nèf
    Avèk on je kòd tou nèf
    Se sak fè ane sa li ba nou kout gita tou nèf
    Tou nèf
    Lage l, lage l la
    Pa gen ah, ah nan sa

    Super boul Ton Jeff
    Santi l nan tèt santi l nan ren mwen
    Pa gen ah, ah nan sa

    Madanm, pawòl sa a enève m

    Ole, ola kreyòl la pa gen bouda pou li chita
    Ou fache? Ebyen f on chou ak bouch ou
    Ole, ola si w pa ka fè sa a le w laba
    Mwen di djaz sa mwen di djaz sa, jan w vire l bon
    Pa gen lanvè l pa gen landwat, jan w vire l bon
    Fanatik Kreyòl la, met de men anlè pou nou ka montre n
    N san lanvè, san landwat
    Epa la, ou di Kreyòl la debwate
    Kibò, epa la
    Ou pa goche ou se dwate
    Kibò, epa la
    Se pa fontyè, se dwate

    Goril pral ranplase balèn, e te vre?
    Kibò, epa la
    Ou pa goche ou se dwate
    Kibò, epa la
    Se pa fontyè, se dwate

    Theo
    Aye eh aye he he aye he
    Souke chacha souke souke
    Leve men nou leve men nou souke
    Aye eh aye he he aye he
    Yo goumen antre yo, divize antre yo
    Kreyòl la la
    N ap toujou rantre yo
    Ann rele bare yo, sa k ap bare n se yo
    Se jibye, nou menm n ap chase yo

    Oh wi pou difikite ke nou kwaze
    Gen sa ki te swete n kraze
    Ayisyen sèmante yo se Apach pou lavi
    Jibye pap janm f on jou devan chasè sa a
    Fanatik tout sak devann se toutrèl
    Rale fizi chas nou brake l tire l, bow
    Ti dwèt anlè
    Fanatik tout sak devann se toutrèl
    Rale fizi chas nou brake l tire l â- bow
    Brake l tire l, bow
    Ban m on plon gaye
    Zobodobodo podop pow
    Fè zam ou chante, zobodobodo podop pow
    Fè zam ou pale, zobodobodo podop pow
    Adeko ey ey ey
    Ane sa n frape tèt yo kow
    Ti Elie konpè cha cha chasè
    Ey ey ey
    ABC Solutions, 1 2 3
    Deplimen toutrèl yo

    Brake l tire l, bow
    Ban m on plon gaye
    Zobodobodo podop pow
    Fè zam ou chante, zobodobodo podop pow
    Fè zam ou pale, zobodobodo podop pow

    Ey ey ey
    Diri Mega, ey ey ey
    Ane sa a nou fè dega
    Fò n gen diri pou n manje ak toutrèl
    Deplimen toutrèl yo

    Ok then
    TMD in a da place once again
    Skibidibanm yo
    Tout kote n pase se nou k met chalè
    Nou cho pase recho
    Nou blas yo nan fas yo
    Boum krache sou yo
    Chak ane ki pase nan kanaval la nou fann Chanmas la
    Si w ta fè gòl ane sa a konnen se nou menm ki ba w pas la
    Se swa w onèt, swa w blofè
    Swa w anlè, swa w atè
    Men jan m wè w kanpe la a devan m lan, ou genlè plis atè
    Ou genlè plis atè
    Pou jan m wè w kanpe la a devan m lan, ou genlè plis atè

    Depi m anlè m pa anvi desann atè
    Sa depann de high la, sa depann de vibe la
    Tout timoun men dwat anlè
    Tout granmou men goch anlè
    Chanmas de men anlè tankou sipèman
    Sipèman
    Tankou Sipèman, vole

    Ban m ba nou nouvèl
    Loulou achte on gita nèf
    Avèk on je kòd tou nèf
    Se sak fè ane sa li ba nou kout gita tou nèf
    Tou nèf
    Lage l, lage l la

    Pa gen ah, ah nan sa

    Mwen di djaz sa mwen di djaz sa, jan w vire l bon
    Pa gen lanvè l pa gen landwat, jan w vire l bon
    Fanatik Kreyòl la, met de men anlè pou nou ka montre n
    N san lanvè, san landwat
    Epa la, ou di Kreyòl la debwate
    Kibò, epa la
    Ou pa goche ou se dwate
    Kibò, epa la

    Fanatik tout sak devann se toutwèl
    Rale fizi chas nou brake l tire l, bow
    Ti dwèt anlè


    Comentários

    Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra

    0 / 500

    Faça parte  dessa comunidade 

    Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Kreyol La e vá além da letra da música.

    Conheça o Letras Academy

    Enviar para a central de dúvidas?

    Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.

    Fixe este conteúdo com a aula:

    0 / 500

    Opções de seleção