exibições de letras 3

Is Fa Ti Bo

Lakou Mizik

Letra

    Woule tanbou a pou mwen
    Woule, woule tanbou a pou mwen oo
    Lakou woule m non, woule m, woule m
    Woule tanbou a pou mwen eeee
    Anmwe, anmwe, is fa ti bo tande

    Kanan kanan is fa ti bo

    Mwen di w leve madanm, fò w lévé madanm (lévé, lévé)
    Mwen di w léve manman, fò w lévé manman oo (lévé, lévé)

    Ti madanm nan griye bon kou kafe
    Di nèg lakou a l' lè, pou sonnen lanbi a
    Pou eskwad yo ka rasanblé, woy
    Mezanmi woy, gad'on lakou manman, woy
    Gad yon bagay papa, woy

    Konsa na va bwe yon bon godèt kafe
    Avan eskwad la li menm li demaré
    Sa pap anpeche nou komanse, ha ha ha

    Woule tanbou a pou mwen
    Na woule tanbou a pou mwen o
    Fòk nou woule tanbou a pou mwen
    Anmwe, anmwe is fa ti bo tanbe

    Kanan kanan is fa ti bo
    Is fa ti bo tanbe
    Ka- ka- ka- kanan is fa ti bo
    Is fa ti bo manman, manman
    Kanan kanan is fa ti bo
    Is fa ti bo tanbe
    Ka- ka- ka- kanan is fa ti bo

    Lò moman douz janvye finn pase
    Jaden yo ret atè wi yo pa planté
    Kisa ti moun yo pral manje
    Sitwayen yo kanpe yo pa pale
    La jenès menm ap finn degrengole
    Nan ki sa peyi sa prale

    Woule tanbou a pou mwen
    N a woule tanbou a pou mwen non
    Fòk nou woule tanbou a pou mwen
    Anmye, anmye, is fa ti bo tanbe

    Kanan kanan is fa ti bo
    Is fa ti bo ay-aye
    Ka- ka- ka- kanan is fa ti bo
    Is fa ti bo aye
    Kanan kanan is fa ti bo
    Is fa ti bo tanbe
    Ka- ka- ka- kanan is fa ti bo

    Iye, eye eye e, aya ya yo, a ye waye iye
    Jou bare m, jou bare m
    Jou bare m, sa mwen pral di manman mwen (jou bare m)
    Jou bare m, leogane mwen t ale (jou bare m)
    Jou bare m, nan rara mwen te ye (jou bare m)
    Jou bare m, sa mwen pral di lakay mwen (jou bare m)
    Jou bare m, kote m te ye a (jou bare m)
    Jou bare m, Jeremi tal pran yon tonmtonm (jou bare m)
    Jou bare m, jou bare m sa m pral di manman m (jou bare m)

    Jou bare m


    Comentários

    Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra

    0 / 500

    Faça parte  dessa comunidade 

    Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Lakou Mizik e vá além da letra da música.

    Conheça o Letras Academy

    Enviar para a central de dúvidas?

    Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.

    Fixe este conteúdo com a aula:

    0 / 500

    Opções de seleção