exibições de letras 24

Wa Di Yo

Lakou Mizik

Letra

    Te gen tan wè wout mwen ta pral pase a
    Mechan yo monte yon pakèt gwo mi pou bare m, pou bare m
    Malgre sa m t ap janbe yo rale m, mwen tonbe, mwen tonbe, a yo, a ye
    M pa vle rete a tè, nan do m pou yo pa fè sa yo vle, non, non
    Sa k pa konpran di m se parese mwen ye
    Sa k pa konpran di genm nan m' te mal atake, a yo
    Limyè, enèji e
    Zanj Bondye klere, klere

    W a di yo, nèg yo pa gen renmen nan kè yo ankò, ankò
    W a di yo, lavi gen plis sekrè ladan l
    Wa di yo, mwen la toujou
    Wa di yo, mwen la toujou

    Dè fwa w leve, wè tout bagay parèt nwa, devan w
    Vire gad'onw lòt, k ap triyonfe viktwa
    Tout otan ou gen lavi, pa sispann batay, ou nan konba e
    Lavi a anwo, dè fwa l, pandye tèt anba, a yo
    Sa k pa konprann di m se parese mwen ye
    M ap di w se (se pa vre)
    Sa k pa konprann di genm nan te mal atake
    Se pa vre
    Limye, oh!

    W a di yo, nèg yo pa gen renmen nan kè yo ankò
    W a di yo, lavi gen plis sekrè ladan l
    Wa di yo, mwen la toujou
    Wa di yo, mwen la toujou

    Kot pil renmen yo tap di w, yo renmen w lan
    Gad nan kè yo (pa genyen l vre)
    Y ap fè w bèl pwomès, epi pòt kè yo kadnase
    Pa genyen l vre
    Lanmoun enchene, enterè prime, wo anmwey o (pa genyen l vre)
    Y ap ba w bèl pawòl, gad fon kè yo, se pa vre
    Pa genyen l vre

    Wa di yo
    Wa di yo
    Wa di yo
    Wa di yo
    Wa di yo
    Wa di yo
    Wa di yo
    Wa di yo


    Comentários

    Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra

    0 / 500

    Faça parte  dessa comunidade 

    Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Lakou Mizik e vá além da letra da música.

    Conheça o Letras Academy

    Enviar para a central de dúvidas?

    Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.

    Fixe este conteúdo com a aula:

    0 / 500

    Opções de seleção