
Envizib
Rayy Raymond
W'anfas mwen, je'w nan je mwen
Kò'w sere fò kont kò mwen
Men sa pa anpeche'm santi mwen
Ap plonge nan fon pou kont mwen
Èske son lot ou genyen (di mwen)
Èske se love li ba'w (ke mwen)
Msanti map pedi'w
San mwen pa ka fè anyen kont sa
Men m'pa suspann di, hey oh
Eske'w tande vwa'm k'ap, rele'w nan vid
Chak jou m'santi m'ap pedi'w pi plis
Sa son SOS, tanpri fè yon jès
Mwen la devan'w chak jou
Men m'santi'm envizib pou ou
Envizib
Envizib
Envizib
Tout moun ap kesyone mwen
Sou jan nou vin diferan (paske)
Depi se ou'k bò kote mwen
Gon silans a glase san
Èske'w pa renmen'm ankò (di mwen)
Èske'w rebati mond ou men (san mwen)
Menm si li di pou mwen
Souple kite'm konnen
Paske mpa suspann di hey oh
Eske'w tande vwa'm k'ap, rele'w nan vid
Chak jou m'santi m'ap pedi'w pi plis
Sa son SOS, tanpri fè yon jès
Mwen la devan'w chak jou
Men m'santi'm envizib pou ou
Envizib
Envizib
Envizib
Èske gon rezon pou'm ap pouswiv lanmou
Pandan ke chak jou lanmou ap kouri pou mwen
(Pou mwen, pou mwen)
Di mwen ki plas m'okipe nan panse'w
Eske m'toujou egziste, eske'w renmen mwen
Di mwen
(Baby èske'w tande vwa'm)
Hey oh eske'w tande vwa'm k'ap, rele'w nan vid
Chak jou m'santi m'ap pedi'w pi plis
Sa son SOS, tanpri fè yon jès
Mwen la devan'w chak jou
Men m'santi'm envizib pou ou
Envizib
Envizib
Envizib
Ou pa wè mwen eh!
Ou pa wè mwen no!
Ou pa wè mwen eh!
Ou pa wè mwen no!



Comentários
Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra
Faça parte dessa comunidade
Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Rayy Raymond e vá além da letra da música.
Conheça o Letras AcademyConfira nosso guia de uso para deixar comentários.
Enviar para a central de dúvidas?
Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.
Fixe este conteúdo com a aula: