exibições de letras 45

Mwen Pare (Lanmou Spirituel)

Rayy Raymond

Lanmou sprityèl
Li soti kay Bondye
Malgre tout sa nou fè
Li toujou padonen
M'ap kontinye renmen malgre kout ba
(Malgre li konn gen gou anmè)
M'ap bay lanmou lanmen jouk sa kaba
(Jis sa kaba tonnè)
M deja gen gòm avèk chifon
Pou m efase tout vye pase
E m prè pou ti sa ki pot kè'l byen presye
Pou mwen pwoteje'l ak lanmou

Mwen pare pou m renmen
Malgre l pote soufrans
Mwen pare pou m soufri
Aprè soufrans se delivrans

Mwen pare pou m renmen
Malgre l pote soufrans
Mwen pare pou m soufri
Aprè soufrans se delivrans

M pap di m te pèdi tan m
Nan chèche pasi pala
Ann di son eksperyans
Ki montre'm ke bon yo ra
Si w vle jwenn yon moun
Ki la lè lapli, ki la lè sechrès, wi, toujou la
Fò w pa pè louvri kè ou bay lanmou
Menm si w te twonpe w youn ou de fwa
Mwen ka di m fyè de kè mwen
Anpil fwa ki pran kou
Yo bouke kraze'l, yo matirize'l
Men l'ap mache toujou

Mwen pare pou m renmen
Malgre l pote soufrans
Mwen pare pou m soufri
Aprè soufrans se delivrans

Mwen pare pou m renmen
Malgre l pote soufrans
Mwen pare pou m soufri
Aprè soufrans se delivrans

Cheri m pare
Di'm si se kè m ou vle
Men l nan men m m'ap
Lage'l, lage'l, lage'l devan'w lan

(Oh Sound Studio)
Men konpa

Ooh
Dlo nan je'm konn neye kè'm
M konn sèmante m pap renmen ankò
(M renmen pi rèd, m renmen pi rèd manman)
Fè gwo diskisyon ak fanmi, zanmi
M konn menm parye m pap renmen ankò
(M renmen pi rèd, m renmen pi rèd manman)

Ooh
Dlo nan je'm konn neye kè'm
M konn sèmante m pap renmen ankò
(M renmen pi rèd, m renmen pi rèd manman)
Fè gwo diskisyon ak fanmi, zanmi
M konn menm parye m pap renmen ankò
(M renmen pi rèd, m renmen pi rèd manman)

Mwen pare pou m renmen
Malgre l pote soufrans
Wi mwen pare


Comentários

Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra

0 / 500

Faça parte  dessa comunidade 

Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Rayy Raymond e vá além da letra da música.

Conheça o Letras Academy

Enviar para a central de dúvidas?

Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.

Fixe este conteúdo com a aula:

0 / 500

Opções de seleção