exibições de letras 27

Fèt Menaj Mwen (feat. Toto Nécessité)

Rodrigue Milien

Jodia se fèt menaj mwen, sa m'ta ba li kòm kado
Mwen ta desann bò Kwabosal
M'pral ba l yon brik rapadou
Mwen ta desann bò Kwabosal
M'al ba li yon bobori

Jodia se fèt boubout mwen, m'ap pwofite kite sa
Yo di m li gen lòt gason tout tan k'ap soti avè l
Se nan chemen jennen jennen ke yo kenbe fanm malen

W'al Ri Senmaten w'al fè tenten
Tout lasent jounen w'ape flannen
Yè maten w wè Augustin, ou di Milien se yon banben

Ou pap janm anyen, manman koken
Ou pap janm anyen, manman piten

Ou pran Filisten papa Justin
Ou gen yon konpè Foret des Pins
Jou Sen Valenten ou te pran Milien
Yo pran nan petren san pa konnen
Pou yon ti monnen nan on vè kleren
Ma va boukannen w kou asasen

Ou pap janm anyen, manman koken
Ou pap janm anyen, manman piten

Ki mele m ki mele m ki mele m avè w

Leson leson
Alo malè, kote Gladys
Ya boul
Rakal, rakal
O Toma papa

Sanwont, w'ape gade m w'ape koupe m kout je
Men pou kisa w'ape gade m sanwont
W'ape gade m, w'ape koupe m kout je
Koupe m kout je, Koupe m kout je
Ya fout ya boul
Koupe m kout je, bese pou mwen


Comentários

Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra

0 / 500

Faça parte  dessa comunidade 

Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Rodrigue Milien e vá além da letra da música.

Conheça o Letras Academy

Enviar para a central de dúvidas?

Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.

Fixe este conteúdo com a aula:

0 / 500

Opções de seleção