
Pran Men W
Vanessa Jeudi
Bèl tifi k ap grandi
Pa dwe pèdi souri l
Rèv li foule avan l dòmi
G on men k ap bouske nan jip li
Sa kò l paka ofri
Sa lespri l paka viv
Se pa jodi w ap toupizi l
Kounye a m vin di w sa fini
Pran men w, pran men w
Fwa sa m pa vin ak dlo nan je
Fwa sa m pa vin ak tèt bese
Pran men w, pran men w
Nou pote lespwa nan tout kò n
Fò n viv lanmou an sou tout fòm
Yon kòmè k ap fleri
Pa dwe pèdi lavi l
De men ou tounen gwo batwèl
Ou fè l tounen yon popetwèl
Lobe w ap bat nan do l
Gad jan w plonje nan dlo l
Se pa jodi w ap toupizi l
Kounye a m vin di w sa fini
Pran men w, pran men w
Fwa sa m pa vin ak dlo nan je
Fwa sa m pa vin ak tèt bese
Pran men w, pran men w
Nou pote lespwa nan tout kò n
Fò n viv lanmou an sou tout fòm
Pa manyen libète m
Pa manyen branch cheve m
Mwen fèt pou m viv ak diyite, ooo
Tande vwa m k ap pale
Yon kè blese ka met dife
Li ka boule li ka klere
Pran men w, pran men w
Fwa sa m pa vin ak dlo nan je
Fwa sa m pa vin ak tèt bese
Pran men w, pran men w
Nou pote lespwa nan tout kò n
Fò n viv lanmou an sou tout fòm
Chak fènwa g on douvanjou
Chak sezon pote flè pa l
Chak bèt nwa g on move jou
Chak aksyon gen sekrè pa l
Chak fènwa g on douvanjou
Chak sezon pote flè pa l
Chak bèt nwa g on move jou
Chak aksyon gen sekrè pa l
Chak fènwa g on douvanjou
Chak sezon pote flè pa l
Chak bèt nwa g on move jou
Chak aksyon gen sekrè pa l



Comentários
Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra
Faça parte dessa comunidade
Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Vanessa Jeudi e vá além da letra da música.
Conheça o Letras AcademyConfira nosso guia de uso para deixar comentários.
Enviar para a central de dúvidas?
Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.
Fixe este conteúdo com a aula: