
M Ap Sispann
Wid
Mwen fatige
Ap tann ou chanje (chanje)
Santi m bouke
M pran desepsyon m gen remò
M kriye chak jou, mande lanmò
Pou jan m ap soufri
Jan m wè la pa gen lòt opsyon ke ale
Malgre n chita pale
Anyen pa chanje
M ap fout renonse
(M ap sispann)
M ap sispann plante san m pa rekòlte
(M ap sispann)
Non anh anh anh anh
(M ap sispann)
M ap sispann pale san ou pa tande
(M ap sispann)
(M ap sispann)
Mwen pase tout nwit nan diksyonè
Chache bèl mo (chache bèl mo)
Pou m eksprime m (poutan ou pa konprann)
M kriye chak jou, mande lanmò
Pou jan m ap soufri
Janm wè la m pa gen lòt opsyon ke ale
Malgre n chita pale
Anyen pa chanje
(M ap sispann)
M ap sispann plante san m pa rekòlte
(M ap sispann)
M ap sispann (m ap sispann)
(M ap sispann)
M ap sispann pale san ou pa tande
(M ap sispann)
(M ap sispann)
Men wid, men wid, men wid
Men wid ou t ap tann lan
Tèt li t ale, l tounen
Sa k fèt, li fèt nèt
Mwen reziye m
M pa gen anyen pou mwen regrèt
Sa kaba
Sa fini konsa
Sa k fèt, li fèt nèt
Mwen reziye m
M pa gen anyen pou mwen regrèt
Sa kaba
Sa fini konsa
Mwen bouke ret tann
Nan chemen ou pa janm pase
Mwen bouke ret tann
Yon mirak ki pa janm rive
Mwen bouke ret tann
Mwen bouke ret tann
Men wid, men wid, men wid
Men wid ou t ap tann lan
Tèt li t ale, l tounen
Sa k fèt, li fèt nèt
Mwen reziye m
M pa gen anyen pou mwen regrèt
Sa kaba
Sa fini konsa
S ak fèt, li fèt nèt
Mwen reziye m
M pa gen anyen pou mwen regret
Sa kaba
Sa fini konsa



Comentários
Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra
Faça parte dessa comunidade
Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Wid e vá além da letra da música.
Conheça o Letras AcademyConfira nosso guia de uso para deixar comentários.
Enviar para a central de dúvidas?
Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.
Fixe este conteúdo com a aula: