Pa Fe Sa
Zenglen
Hallo fanatik, Reginald Cangé fenk arive again
Jazz sa s'on feuilleton, de temps en temps l'ap vin pi entèresan
You paj fenmen, you lòt ouvè
Si w' pa tande ou pa ka eksplike kijan sa te pase
Olye nou rezone, nou pito akize tout moun
Listwa rakonte deja di n' ke n' pa piti non ni alité (alité)
Men fòk nou pa bliye, kompa ap vann nan you ti mache
Zenglen se travay tout you generation, jwe music avek pasyon
Anpil nan s'ak ale yo pat janm eseye detwi l' non
Lè beat nou kòmanse, rapid moun konekte
Nou pa ka detwi sa nou konstwi non
Lè Zenglen afekte, se tout moun k'ap kriye
Se patrimoine peyi sa n' ye
Pa fè sa, fanatik yo di
Fais pas ca, media yo di
Pa fè sa, la jeunesse rele
Fais pas ca
Oh! Nou te travay du pou n' van tou culture
N' pa ka leve jodi pou n' di se fini
Li pa bon, pa fè sa
Fidèl, nou vle rete fidèl, se sa n' te chwazi pou nou fè (chimen an), pou nou fè (chimen an)
Modeste, nou vle rete modeste o, se sa n' te chwazi pou nou fè (chimen an)
Pou nou fè (chimen an), pou nou fè (chimen an)
Pa fè sa, fanatik yo di
Fais pas ca, media yo di
Pa fè sa, la jeunesse rele
Fais pas ca
Wo, o! Lè w' konn doulè konstwi ou pa janm di detwi
Vye mantalite sa fò n' chanje
Li pa bon! Li pa bon
Jazz la cho, pote dlo
Jazz la cho, pote dlo
Jazz la cho
Fidèl, nou vle rete fidèl, se sa n' te chwazi pou nou fè (chimen an), pou nou fè (chimen an)
Modeste, nou vle rete modeste o, se sa n' te chwazi pou nou fè (chimen an)
Pou nou fè (chimen an), pou nou fè (chimen an)
Pa fè sa, fais pas ca
Pa fè sa, fanatik yo di
Fais pas ca, media yo di
Pa fè sa, la jeunesse rele
Kite kompa
Pa fè sa



Comentários
Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra
Faça parte dessa comunidade
Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Zenglen e vá além da letra da música.
Conheça o Letras AcademyConfira nosso guia de uso para deixar comentários.
Enviar para a central de dúvidas?
Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.
Fixe este conteúdo com a aula: