An Silans
AMASTROCK
Ou chita bò kotém epiw mandém kijan m yé la
Palém de plan ou yo, ki kotéw pralé jodi a
Ou tretém ' an byen, avèk gwo jantiyès
Sa son bokit lanmou
Ou pa gen okenn idé sa kap pase nan kèm la
Son tanpèt siklòn, lè mwen wè ou kap souri
Nan vizaj ou, espwa naturèl kap fleri
Ou souri lè w ap palé dé sa ki fèw kontan
E bò koté pam sa te fèm plezi
Se tout ti palé nou, sé té sou avni
Paske mwen renmen ou byen fò, men mwen jis reté an silans
Kèm map toumanté lèw devanm, epim mwen pa ka anbrasé ou
Li enpé difisil pou mwen, paské nan viw gon lòt moun kap tann ou
E mwen se zanmi ki pran swen ou, lè nou a 2
Ou te konpòtéw byen, men absans ou ap finn feblim chak jou
Byenké sekrè sa a kòmanse nwayém
Pafwa mwen imajiné ke li pa egziste ankò
Ke sé ou menm ak mwen, san gadé dèyè
Men, malgré tout dout la sosyeté, men sé Bondyé sèl ki konnen
Fanmi, zanmi yo tout ap bougonnen
Mwen aprésyé chak jès, chak akolad ou ban mwen
Malgré andédan mwen, santi mwen pa ka pran li ankò
Petèt yon jour wa va gadé mwen plis ké yon zanmi
Epi bèl ti pawòl palé epiw, pa dim anyen
Men tout espwa mwen, se wè ou nan bra mwen, pou jan mwen renmen ou, ak raj
San manti son lanmou ki depasé limanité
Sam mandé Bondyé, pwotejé istwa nou dé
Paske mwen renmen ou byen fò, men mwen jis reté an silans
Kèm map toumanté lèw devanm, epim mwen pa ka anbrasé ou
Li enpé difisil pou mwen, nan vi ou gon lòt moun kap tann ou
E mwen sé zanmi ki pran swen ou, lè nou a 2
Rete kontan, e mwen tèt frèt
Lanmou sa a, ap reté nan kèm an silans
Jis zanmi w
Jis zanmi w



Comentários
Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra
Faça parte dessa comunidade
Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de AMASTROCK e vá além da letra da música.
Conheça o Letras AcademyConfira nosso guia de uso para deixar comentários.
Enviar para a central de dúvidas?
Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.
Fixe este conteúdo com a aula: