exibições de letras 14

Si Demen

Danola

Santiman m fasil pou chanje
Kè m sote a chak fwa m atache m
Lè m renmen ak tout kè m sa pa dire
Toujou gen yon rezon pou fè l diminye

Men m chwazi leve pi gwo defi
M chwazi ba w lanmou m san mezi
Lè se mwen k di l li pi difisil
Men lè w bò kote m li pa big deal nah!

M pa vle ba w do m
M anvi w kole kou tatou sou po m
M anvi di ou mèsi ou se kado m
Avè w chak moman se lò

Si demen m pa renmen w janm renmen jodia ankò
Nou ta ka di s on demon k ap seche mezi san nan kò m
Oh yeah
Wi demen m ka ale lwen lwen

Non pa inkyete w baby m ap la
Pou pi lontan ke posib pou sa
Pou sa kè m louvri pou ou pou ou
Men m chwazi leve pi gwo defi

M chwazi baw lanmou m san mezi
Lè se mwen k dil li pi difisil
Men lè w bo kote m li pa big deal
Ou gon jan w gade mwen

M sèmante w boulvèse mwen
M sezi wè jan w atire m
San fè efò là
M renmen jan w ap bouge kò w la

Si demen m pa renmen w janm renmen jodia ankò
Nou ta ka di son demon k ap seche mezi san nan kò m
Oh yeah
Oui demen m ka ale lwen lwen

Si jamè m tap mouri tout a lè
M t ap ka pwomèt m ap renmen w a jamè
M ta renmen w a jamè!
Si jamè yon lòt ta wè nan mwen sa w wè nan mwen yo

Si jamè m ale trò bonè si jamè m kraze kè w
M pa vle w doute sou kisa w ye nan je m nan moman sa
M pa vle w doute sou tout valè m ba ou nan moman sa
M ap offri ou pi bèl eksperyans ou

M ap fèw wè imaj mwen menm nan rèv ou
M ap ofri ou lanmou, m ap fèw goute myèl
M ap fèw we jan li dou, m ap fèw touche syèl
Nan moman sa

Oh yeah
Oui demen m ka ale lwen
Si demen m pa renmen w janm renmen w jodia ankò
Nou ta ka di s on demon kap seche mezi san nan kò'm
Oh yeah
Oui demen m ka ale loin


Comentários

Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra

0 / 500

Faça parte  dessa comunidade 

Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Danola e vá além da letra da música.

Conheça o Letras Academy

Enviar para a central de dúvidas?

Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.

Fixe este conteúdo com a aula:

0 / 500

Opções de seleção