exibições de letras 14

Sa n Poko Wè Ankò

Ekip

Ekip pitit granmètla pote mesaj
(La ya man)

Mizik sa pa jis pou nou danse
Non plis poun opine
Men pito poun konsyantize
Fòk nou revòlte
Tout sa map di la yo dil deja
Menm oblije raple nou sa
Nou rive nan bout la

N paka desann pi ba
(Paka desann pi ba)
Nou pran limyè wouj la
(Nou pran limyè wouj la)

M pa premye moun kap denonse
M ta renmen mwen se dènye
Avan vaz lap ap ranvèse e e

Sa n poko wè ankò
(Sa n poko wè ankó)
Nou bouke konte mò
(Pa anvi wè ankò)
Peyi a gangsterize
(Pa gen trankilitte)
Nou jete dlo nou lapriyè
(Nou pa konn ki sen pou n rele)

Sa n poko wè ankò
(Sa n poko wè ankó)
Nou bouke konte mò
(Pa anvi wè ankò)
Peyi a gangsterize
(Pa gen trankilitte)
M pa anvi wè ankò
(Nou pa konn ki sen pou n rele)

Gad eta n gad eta nou
Gad eta n gad eta nou

Oh oh oh oh
Kilè nap ka desann lavi l o
Oh oh oh oh
Kilè nap pase matisan o

Tanpri papa Bondye
Pa kite zyem fèmen poum pa wè lakay chanje woy, chanje woy
Tanpri papa Bondye
Pa kite zyem fèmen pou wè peyi m chanje woy, chanje woy

Rele Feray o (rele)
Rele zanj yo (rele)
Rele sen Jak majè
Ou pa wè chimen n bare (rele)
Rele Grann yo (rele)
Rele madan Lemba (rele)
Badagri papa Legba
Louvri pòt peyi a souple

Tanpri papa Bondye
Pa kite zyem fèmen poum pa wè lakay chanje woy, chanje woy
Tanpri papa Bondye
Pa kite zyem fèmen pou wè peyi m chanje woy, chanje woy

Edrice, play it from the soul
Yeah like that

Rele Feray o (rele)
Rele zanj yo (rele)
Rele sen Jak majè
Ou pa wè chimen n bare (rele)
Rele Grann yo (rele)
Rele madan Lemba (rele)
Badagri papa Legba
Louvri pòt peyi a souple


Comentários

Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra

0 / 500

Faça parte  dessa comunidade 

Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Ekip e vá além da letra da música.

Conheça o Letras Academy

Enviar para a central de dúvidas?

Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.

Fixe este conteúdo com a aula:

0 / 500

Opções de seleção