Lanmou Bondye Gran
Fernandez Ocean
Gen de lè mwen konn febli
Pwisans ou vin kouvri'm
Sa montre'm lanmou'w pou mwen
Se yon lanmou'k san fen
Mesi pou san ou ki koule
Ki koule sou lakwa
Lè bagay yo vin anmè
Ou fè dlo dous koule nan kèm
Se sèl ou menm ki konsa
Ki genyen tout pouvwa
Pa gen tankou' papa
Pa janm gen tankou'w
Jamè jamè
Kè
Lanmou'w bondye telman gran
Ou fè jezi vin vèse san'l
Pou'l sove limanite
Anba kòd lawont peche
Ti tan sa pap janm sifi
Pou'm ba ou glwa nan tout vim
Remèsimanm pap janm ase
Sa'w fè pou mwen, mwen pap janm ka konte
Mwen pap janm ka konte
Sa ou fè pou mwen
Nan vi mwen
Papa mèsi
Comentários
Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra
Faça parte dessa comunidade
Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Fernandez Ocean e vá além da letra da música.
Conheça o Letras AcademyConfira nosso guia de uso para deixar comentários.
Enviar para a central de dúvidas?
Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.
Fixe este conteúdo com a aula: