exibições de letras 22.898

Hino do Haiti (La Dessalinienne)

Hinos de Países

Pou Ayiti peyi Zansèt yo
Se pou-n mache men nan lamen
Nan mitan-n pa fèt pou gen trèt
Nou fèt pou-n sèl Mèt tèt Nou
Annou mache men nan lamen
Pou Ayiti ka vin pi bèl
Annou, annou, met tèt ansanm
Pou Ayiti onon tout Zansèt yo

Pou Ayiti onon Zansèt yo
Se pou-n sekle se pou-n plante
Se nan tè tout fòs nou chita
Se li-k ba nou manje
Ann bite tè, ann voye wou
Ak kè kontan, fòk tè a bay
Sekle, wouze, fanm kou gason
Pou-n rive viv ak sèl fòs ponyèt nou

Pou Ayiti ak pou Zansèt yo
Fo nou kapab vanyan gason
Moun pa fèt pou ret avèk moun
Se sa-k fè tout Manman ak tout Papa
Dwe pou voye Timoun lekòl
Pou yo aprann, pou yo konnen
Sa Tousen, Desalin, Kristòf, Petyon
Te fè pou wet Ayisyen anba bòt blan

Pou Ayiti onon Zansèt yo
Ann leve tèt nou gad anlè
Pou tout moun, mande Granmèt la
Pou-l ba nou pwoteksyon
Pou move zanj pa detounen-n
Pou-n ka mache nan bon chimen
Pou libète ka libète
Fòk lajistis blayi sou peyi a

Nou gon drapo tankou tout Pèp
Se pou-n renmen-l, mouri pou li
Se pa kado, blan te fè nou
Se san Zansèt nou yo ki te koule
Pou nou kenbe drapo nou wo
Se pou-n travay met tèt ansanm
Pou lòt, peyi, ka respekte-l
Drapo sila a se nanm tout Ayisyen

Composição: Nicolas Geffrard. Essa informação está errada? Nos avise.
Enviada por Usuário e traduzida por Sara. Revisão por Nícolas. Viu algum erro? Envie uma revisão.

Comentários

Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra

0 / 500

Faça parte  dessa comunidade 

Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Hinos de Países e vá além da letra da música.

Conheça o Letras Academy

Enviar para a central de dúvidas?

Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.

Fixe este conteúdo com a aula:

0 / 500

Opções de seleção