
Doulè Lanmou (feat. 5Lan)
Kreyol La
Kreyòl la, djaz la, jenès la!
Sa se 5Lan!
Woy woy woy!
Doulè lanmou sa soti pou touye mwen
Woy woy woy!
Doulè lanmou sa soti pou l' fini avè m
Doktè, m' vin bò kote w' pou m' eksplike w'
Jan m' santi doulè sa k' ap ravaje tout andan m'
Lanwit kou lajounen m' ap soufri
Mwen pa ka sipòte l'
M' santi l' mache tout andan m'
Si w' manyen m' la – mwen santi l'
Si w' teke m' la – li fè m' mal
Si w' vire m' la – mwen santi l'
Si w' tounen m' la – li fè m' mal
Sa t' ap tèlman bèl si w' jwenn yon solisyon
K' ap geri maladi an mwen
K' ap anpeche m' soufri
Sa t' ap tèlman dous si w' jwenn yon soulajman
K' ap ban m' yon garanti
K' ap sipòte m' san kondisyon
Si w' manyen m' la – mwen santi l'
Si w' teke m' la – li fè m' mal
Si w' vire m' la – mwen santi l'
Si w' tounen m' la – li fè m' mal
Doulè lanmou sa pase m'!
Doktè, vini pou w' jere m'!
Isi Kreyòl la, tout moun konn rès la!
Ajuste yayad la, ann avanse!
Kreyòl la! 5Lan!
Ti Joe, gad on doulè, kenbe kè w', lache ren!
Doktè Benito – jere sa!
Doktè Ti Harold – jere sa!
Doktè Richard Urbain – jere sa!
Doktè Desamours – jere sa!
Alo, Doc Edwin – jere sa!
Doktè Daphne – jere sa!
Doktè BNG yo – jere sa!
Dòk Zigizigizag – jere sa!
Twa kout soupi pou yadyad sa!
Hm hm hm!
Kenbe kè w', lache ren!
Base Entertainment – jere sa!
Doktè Miyagi – jere sa!
Doktè DJ Flow – jere sa!
Tout moun k' ap gouye yo – jere sa!
Twa kout soupi pou yadyad sa!
Hm hm hm!



Comentários
Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra
Faça parte dessa comunidade
Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Kreyol La e vá além da letra da música.
Conheça o Letras AcademyConfira nosso guia de uso para deixar comentários.
Enviar para a central de dúvidas?
Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.
Fixe este conteúdo com a aula: