exibições de letras 11

Make'm

Kreyol La

Cheri make m

Mwen vle li gen menm bouch avè w
Pou li souri menm jan avè w
Pou lè li gade mwen, se pòt syèl la k ouvri pou mwen
Mwen vle l pale menm jan avè w
M vle l mache menm jan avè w
Pou li gen ezans ou ak elegans ou

Banm yon pitit fi, oh
Yon bèl ti pitit fi, oh
Pou li rele menm jan avè w
Pou li sanble menm jan avè w
Banm yon pitit fi, oh
Yon bèl ti pitit fi, oh
Pou mwen renmen l menm jan avè w
Pou mwen pran swen l menm jan avè w

Pou lè l fache avè m m santi tèt mwen pati
E pou lè l kontan wè m li sere m fò nan bra li
Fè m kado youn tranpri, m a di w mèsi jou e nwi
Fè de li yon bèl kopi w, pou lè m avè l mwen wè w nan li
Lè l kenbe men m ma fè foli

Banm yon pitit fi, oh
Yon bèl ti pitit fi, oh
Pou li rele menm jan avè w
Pou li sanble menm jan avè w
Banm yon pitit fi, oh
Yon bèl ti pitit fi, oh
Pou mwen renmen l menm jan avè w
Pou mwen pran swen l menm jan avè w

Ou make m, w make lavi m ak lanmou
Ou make m, w make m ak moso lanmou

Mwen vle li pran bote ou
Pran tout sa k bon kote w
Mwen vle li tèlman sanble w
Pou yo konfonn pòtre w

Ou make m, w make lavi m ak lanmou
Ou make m, w make m ak moso lanmou

Ou mèt make lavi m baby I won't say no
Ekri l ak lank lanmou tankou yon tatoo sou po m
Ban m yon moso nan ou se t ap pi bèl kado
La pase swaf lanmou m tankou se ton ti dlo

Cheri ou mèt make m, ou mèt make lavi m
Cheri make m, make m non

Cheri make m
Make m non
Cheri make m

Mwen vle li pran bote ou
Pran tout sa k bon kote w
Mwen vle li tèlman sanble w
Pou yo konfonn pòtre w

Ou make m, w make lavi m ak lanmou
Ou make m, w make m ak moso lanmou

Ou mèt make lavi m baby I won't say no
Ekri l ak lank lanmou tankou yon tatoo sou po m
Ban m yon moso nan ou se t ap pi bèl kado
La pase swaf lanmou m tankou se ton ti dlo


Comentários

Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra

0 / 500

Faça parte  dessa comunidade 

Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Kreyol La e vá além da letra da música.

Conheça o Letras Academy

Enviar para a central de dúvidas?

Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.

Fixe este conteúdo com a aula:

0 / 500

Opções de seleção