exibições de letras 31

Se pa supriz si jodi ya m ap chante pou w
Pou valè mizè ke w pase
M pa kwè m ap janm finn peye w
Nou pa moun la grann sosyete
N ap woule sou w jekwa zan dye manman
Pito nou chante souple
Rele lespwa kote l ye
Pou nou pa dekouraje
Car nou egziste

Manman cheri se ou k tout vi m
Detèminasyon m
Jès tandrès afeksyon manke
Tout sa kòz de sitiyasyon m
M gade w lan je ou gade m lanje
Se kè nou tou de k ap rache manman
Kou w tande mwad me rive
Manman m pa gen jou sacre
Li sou tè ya l ekziste
Lakay flè roz pa antre

Ou wè ke mwen devwe
M chèche lavi pou m pa kite w soufri
Se pa anvi m manke
Il parait se jou pa nou an ki poko rive
Ou wè ke mwen devwe
M chèche la vi pou m pa kite w soufri
Se pa anvi m manke
Il parait se jou pa nou an k poko rive manman

Gad jan la vi fè m kazwele
Fè mwen reziye
M jen ponyèt pa koupe
Vye manman m trime l ap trime
Kou w tande n chita n ap pale
Depi w tande l pran le pase manman
Tou swit fò l gen dlo lan je
Lò sa a bon anj mwen ale
Menm vole mwen ta vole
Pou l kab console

Son w vye madanm
Ki gen kouray pou li reziste
Apre oun karès oun tèt grate
Li souri l mande fe de rale
Li di pitit mwen nou pat ne
Ke montay pa konn deplase manman
Tout moun pat fèt pou ere
Moun pa fèt pou l twò prese
Se paske w ka obsève
Ki fè w gen tèt chaje

Ou wè ke mwen devwe
M chèche lavi pou m pa kite w soufri
Se pa anvi m manke
Il parait se jou pa nou an ki poko rive
Ou wè ke mwen devwe
M chèche la vi pou m pa kite w soufri
Se pa anvi m manke
Il parait se jou pa nou an k poko rive
La la la


Comentários

Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra

0 / 500

Faça parte  dessa comunidade 

Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Leyla McCalla e vá além da letra da música.

Conheça o Letras Academy

Enviar para a central de dúvidas?

Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.

Fixe este conteúdo com a aula:

0 / 500

Opções de seleção