exibições de letras 485

Awoyo

Medjy

Gad kijan on moun anlè, mesye
Bon sak gen la kè w gentan tout kontan sa
Tèt chaje

M awoyo
Voye chèche lajwa la pè di yo m bezwen yo
M awoyo
Mwen mete de bèl chanm sou do kay la pou yo
M awoyo
Mwen met ogèy ak ego sou bèl anbago
M awoyo
Di yo m chanje lavi mwen kite m anrepo

Padone mwen si w pa tande m
Mwen te fè twòp tan ap viv yon vi ki pa vle m
Pwoblèm mwen yo fè m neglije w
Doulè mwen yo te twò wo pou mwen eksplike w
Sorry se pa valè m pa konprann valè w
Men pou mwen ka byen
M oblije travay sou mwen

Lanmou
Daprè sa mwen byen konprann se pi bèl nou genyen nan nou
Men trè souvan l kache dèyè mal ki la yo tou
Sa fè l difisil pou kè yon moun nan priyorite w
Lè pa w la pa la

M awoyo
Voye chèche lajwa la pè di yo m bezwen yo
M awoyo
Mwen mete de bèl chanm sou do kay la pou yo
M awoyo
Mwen met ogèy ak ego sou bèl anbago
M awoyo
Di yo m chanje lavi mwen kite m anrepo

M awoyo
M awoyo
M awoyo
M awoyo
M awoyo
M awoyo
M awoyo

Si w pa ta la, si w pa ta la adje
Bondye m ap respekte chwa ou
Moun sa w ban m la, moun sa w ban m la sa vre
M ape pran swen l pou ou
Jou n pa ta la, jou n pa ta la sa vle
Di lanmò fè n on move kou
Kounya nou la ban m pwofite gate w (M awoyo)
Pa menm gen deba
Sou kijan w jwenn mwen en très mauvais état
Ou wè nan fon kè m te gen bon ou tou ret la
Malgre m te n on twou ou kenbe men mwen, men mwen
Ou rale mwen monte
Nou goumen nou sove pita
Ann soti a pitit nou an nou selebre sa
Mwen fin awoyo mèsi pou sa
Si w pa ta la, si w pa ta la adje
(M awoyo)

Cheri, men de twa mil mèsi
E sa pa menm sifi
Pou sa ou fè nan vi m
Wo cheri, men de twa mil mèsi
E sa pa menm sifi
Pou sa ou fè nan vi m
(M awoyo)


Comentários

Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra

0 / 500

Faça parte  dessa comunidade 

Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Medjy e vá além da letra da música.

Conheça o Letras Academy

Enviar para a central de dúvidas?

Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.

Fixe este conteúdo com a aula:

0 / 500

Opções de seleção