exibições de letras 183

Tolere W (feat. Rutshelle Guillaume)

Richard Cavé / KAI

Se ou m tap tann pou mwen di w tout sa ki nan panse m
Pa fè kòmsi w pa wè n ap benyen nan chagren lanmou n anmè
Nou fè sanblan nou byen devan moun nou pa goumen
Mwen pral chante dèy sou tout pwomès ou yo

Men kijan w pral fè sa
Pou w gade m nan je bouch ou pa tranble
Pou w di m ou pa anvi m ankò
Men kijan w pral fè sa
Pou w gade m nan je bouch ou pa tranble
Pou w di m ou pa anvi m ankò
Mwen pa konn kijan pou m kite w
Ou pa deside pou w kite m
Kisa w ap fè m konsa

Tolere w mwen tolere w
Se poutèt sa w fè m mal konsa
Tolere w mwen tolere w
Tout sa ou vle se li mwen vle
Tolere w mwen tolere w
Se pou tèt sa wè pa wè tout jan m bat kò m se ou mwen renmen

Tout tan sa n ansanm
Mwen kenbe kè pou m pa di w verite
Tout tan sa n ansanm
Mwen kenbe kè pou m pa di w sa m pase
Ou toujou vle konpare m ak lòt moun ki byen
San w pa wè m ape goumen
Goumen pou yon jou pou m ta ba ou bag sa
Te mèt neye m pap ba ou vag

Men kijan w pral fè sa
Pou w gade m nan je bouch ou pa tranble
Pou w di m ou pa anvi m ankò
Men kijan w pral fè sa
Pou w gade m nan je bouch ou pa tranble
Pou w di m ou pa anvi m ankò
Mwen pa konn kijan pou m kite w
Ou pa deside pou w kite m
Kisa w ap fè m konsa

Tolere w mwen tolere w
Se poutèt sa w fè m mal konsa
Tolere w mwen tolere w
Tout sa ou vle se li mwen vle
Tolere w mwen tolere w
Men fòk ou pa bliye tande lavi kout, lanmò long
Depi pa gen lanmou jete w

Depi pa gen lanmou jete w

Se adrès sa mwen konnen, se nimewo kay sa mwen konnen
Pa voye m al depoze kè m devan pòt lòt moun mwen pa konnen
Se adrès sa mwen konnen, se nimewo kay sa mwen konnen
Pa voye m al depoze kè m devan pòt lòt moun mwen pa konnen

Mwen di w mwen sèmante
Pa gen lòt moun ankò
Pa gen lòt ki ka fè m dakò (Se ou'l yé)
Pa gen lòt moun ankò
Pa gen lòt ki ka fè m dakò

Se adrès sa mwen konnen se nimewo kay sa mwen konnen
Pa voye m al depoze kè m devan pòt lòt moun mwen pa konnen

Mwen di w mwen sèmante
Pa gen lòt moun ankò
Pa gen lòt ki ka fè m dakò (se ou'l yé)
Pa gen lòt moun ankò
Pa gen lòt ki ka fè m dakò
Depi pa gen lanmou jete w

Depi pa gen lanmou jete w

Tout sa ou vle se li mwen vle
Tolere w mwen tolere w
Se pou tèt sa wè pa wè tout jan m bat kò m se ou mwen renmen

Ye ye, ye ye


Comentários

Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra

0 / 500

Faça parte  dessa comunidade 

Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Richard Cavé / KAI e vá além da letra da música.

Conheça o Letras Academy

Enviar para a central de dúvidas?

Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.

Fixe este conteúdo com a aula:

0 / 500

Opções de seleção