
Lè W Pa La (Compas Remix)
Vanessa Désiré
Kote absans ou toumante m
Se lè m leve mwen pa wè ou nan kay la
Santi chalè kò ou manke m
Se lè mwen wè mwen kouche san ou nan dra
Menm si n nan telefòn tout la jounen
Sa pa anpeche pou m pa sonje w
Santi m ta genyen w tout la jounen
Bò kote m sèlman pou m ta gade w
Mwen kontan m gon moun tankou w nan vi m
Ou se sèl rezon ki fè m souri
E dè fwa, mwen santi m modi
Paske m pa pi pre pou m ka jwi w
(Lè ou pa la) Lavi m san sans baby lè w pa la
Mwen santi m san defans baby lè ou pa la (lè ou pa la)
Ou manke mwen lè ou pa la
Santi m toumante lè w pa la
Mwen pèdi gou lanmou baby lè w pa la (lè ou pa la)
Tankou tout moun ki renmen
Ou ta vle wè ou tout tan bò kote mwen
Pou chalè kò w ak chalè kò mwen fè lanmou tout jounen
Pou w toujou la pou mwen
Pou m tande vwa w k ap di m ou renmen mwen
Sa fè m mal, chak jou w leve w pati
Absans ou fè tèt mwen pati, oh oh baby
(Lè ou pa la) Lavi m san sans baby lè w pa la
Mwen santi m san defans baby lè ou pa la (lè ou pa la)
Ou manke mwen lè ou pa la
Santi m toumante lè w pa la
Mwen pèdi gou lanmou baby lè w pa la (lè ou pa la)
Tèlman m santi m byen lè m avè w m paka dispoze w
Paske se ak chalè kò w lanmou mwen kapab rechofe
Nan je w, mwen wè bonè m
Nan bra w, m pa konn doulè
Tanpri baby pa ale lwen mwen
Lè w pa la
Baby lè w pa la
Baby lè w pa la
Lè w pa la
Lè w pa la (pa ka manje)
Baby lè w pa la (solèy pa leve)
Baby lè w pa la
Lè w pa la



Comentários
Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra
Faça parte dessa comunidade
Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Vanessa Désiré e vá além da letra da música.
Conheça o Letras AcademyConfira nosso guia de uso para deixar comentários.
Enviar para a central de dúvidas?
Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.
Fixe este conteúdo com a aula: