
Limyè
Vanessa Jeudi
Kwaze solèy chimen trennen
Lapli tchoula lespwa pa donnen
N ap konte lè pou n wè malè
Douvan mizè nou tout bèbè
Chak gout swè k tonbe dlo je n neye n
Nou liminen pou Limyè a biye n
N ap tatonnen n paka brennen
De pye n mare nou antòtye
Limyè a pale
Se sèl vwa ou ki ka chant on w Melodi pou nou
Sèl ou ki ka klere chimen n lò n pèdi wout
Lò je n plen dout
Lò chay twò lou
Lò demen n twoub
Lanmè seche vizaj mouye
Tounen neye je san koule
Pa gen fanfa nanpwen kata
Lavi bwete bann chikata
Pousyè leve lari vegle
Souri n pati gwo van bwote
Zòtèy kase wout yo bouche
Zetwal nou lwen nou andanje
Limyè a pale
Se sèl men ou ki ka jwe de nòt lavi pou nou
Sèl ou ki ka louvri pòt ki fèmen sou nou
Lò je n plen dout
Lò chay twò lou
Lò demen n twoub



Comentários
Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra
Faça parte dessa comunidade
Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Vanessa Jeudi e vá além da letra da música.
Conheça o Letras AcademyConfira nosso guia de uso para deixar comentários.
Enviar para a central de dúvidas?
Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.
Fixe este conteúdo com a aula: