Exibições da letra 14

Frank Etienne

Wendyyy

Letra

    Pou w ta konprann fò m ta fon desen
    Depi 2010 se mwen k ap anime
    Rapè w la se tom m gen strateji jerry
    Donk l ap swiv mwen e m ap fè l fè tintin
    Pa fè je w konfyans gen plizyè verite
    Fò w pa kwè sa w wè ou just wè sa w kwè
    W ap gade l sou ig mwen l devan m toutouni
    Li gon kilòt vitoria rès la rete secret
    M pap ka fè tout men genyen k posib
    Se pa ou se karyè w m genyen pou sib
    Sispann pèdi tan m envensib kou niko
    Nou mèt mache kap bòkò bòykote m enposib
    Pa fin tande m avan w fache fon fanm
    Fè diferans lan avan w chache konfonn
    M difisil pou konprann si w vle konprann mwen
    Se konprann pou w chache avan w chache konprann
    Li lè pou m vyeyi m bezwen pibète
    Chache asosi w ap bezwen pou w fè te
    M konnen m son etwal men pa rele m star
    Je veux plus de ce statut m bezwen libète
    Kounya m ap kouri m pat ranpe pou anyen
    Chinwa yo fyè yo pat kanpe pou anyen
    Pou w te mete w chita m kite w leve
    Aprè pou m montre w pat kanpe sou anyen

    W ap li komantè m ap li liv pou m edike kon frank etienne
    W ap chache glwa m ap chache konesans tankou frank etienne
    Nou pa ekri menm jan sa m ekri spirituel tankou frank etienne
    Y ap ekri mizik m ap ekri listwa rele m frank etienne

    M pap chache lanmou
    Lanmou avèg m pa ka mande l wè m
    Ogan pa gen bouch m pa ka tande kè m
    Tout sa m di verite
    Men an verite m tèlman enkwayab m pa ka mande n kwè m
    Madanm ou son fan
    L ap kritike m pou l ka fè w plezi men kilòt li byen pat
    Se vre m ap pase mòd
    Le genie n'a q'un ciecle m gentan fè 16, m ret 84
    Prime infini, chak ane m rajeni
    Oh yap triche yo fini pa jwe mi
    Nou mèt kontinye fè komsi n pa konprann dayè si m pa incompris m pa jeni
    Ou te vle chache m kont san w pa di krik
    Socrate nan bar sa fò m mate ban m 2 kick
    I don't give a f si je te tap sur les nerfs
    M gon posyon majik pou m king san m pa gen klik
    E pi fò ke mwen an e mythe
    Manje madanm ou like a meat
    Oh flow sa te lit
    Sou hmi m gon satelit
    De nèg andeyò a elite
    Ils tournent en rond, moi je reste dans le centre
    Trop d'avance pour leurs batons dans les jantes
    M just ekri album sa pandan m ap trip
    Pour vous montre ce que j'ai dans le ventre

    W ap li komantè m ap li liv pou m edike kon frank etienne
    W ap chache glwa m ap chache konesans tankou frank etienne
    Nou pa ekri menm jan sa m ekri spirituel tankou frank etienne
    Y ap ekri mizik m ap ekri listwa rele m frank etienne


    Comentários

    Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra

    0 / 500

    Faça parte  dessa comunidade 

    Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Wendyyy e vá além da letra da música.

    Conheça o Letras Academy

    Enviar para a central de dúvidas?

    Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.

    Fixe este conteúdo com a aula:

    0 / 500

    Opções de seleção