Bernard
Zenglen
Banm bwè ti dlo pou sezisman
Pou sa pa fin tuye mwen
(Mwen choke
Mwen trè dezapwente)
Madanm marye m' k'ale travay
Bliye telefon li lakay
(Bagay sa vle mete dlo nan je m)
Oh! Gen you Bènadin (hmm), ki rele 7 fwa
Mwen pa dekwoche, mwen pa reponn
Li pran voye tèks (hmm), mwen di fo m' gade
Mwen ale tonbe sou you mesaj ki bay tèt fè mal
Eksplikasyon, se sa mwen ap ret tann o
Chaje ak kesyon ki bezwen repons
Eksplikasyon, se sa mwen ap ret tann o
Mwen pap akuze, men kè m' pa poze
La madame konnen Bènadin trè byen
Yo gen twa zan depi yap pale, pale san kanpe
Daprè sa mwen li, madanm konn sou do
Juskaprezan mwen pap akuze yo de madodo
Eksplikasyon, se sa mwen ap ret tann o
Chaje ak kesyon ki bezwen repons
Eksplikasyon, se sa mwen ap ret tann o
Mwen pap akuze, men kè m' pa poze
La madame konnen Bènadin trè byen
Yo gen twa zan depi yap pale, pale san kanpe
Daprè sa mwen li, madanm konn sou do
Juskaprezan mwen pap akuze yo de madodo
Ayayay! Li konfese
Ayayay! Li konfese peche a
Ayayay! Li konfese
Li ban mwen laverite
Bernadine se Bernard (Yo kite)
Li rete Bois-Vernat (Yo kite)
Misye genyen viza
L' konn vin vizite bo isit
Yo gen lontan y'ansanm (Yo kite)
Men yo sot fenk kite (Yo kite)
Li di se deja fini entre li menm ak misye
Hmmm!



Comentários
Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra
Faça parte dessa comunidade
Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Zenglen e vá além da letra da música.
Conheça o Letras AcademyConfira nosso guia de uso para deixar comentários.
Enviar para a central de dúvidas?
Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.
Fixe este conteúdo com a aula: